· 

MWEN FACHE

 

MWEN FACHE

                I.             

Mwen fache

Apre tout deriv  m’ fin konstate

Tout demagoji ki rann Ayiti pap mache

Mwen  fache !

                                  II.             

Lè m’ fache m rale plim mwen an

Kem te depoze depi setan an

Pou konsyans kap domi ka reveye

E pou konsyans ki pat egziste ka kreye

                              III.             

Lè pou  1 dola m bezwen 114 goud

Lè pwodiksyon nasyonal la ap pran kout koud

Lè kontreband mande anraje

Sa fèm fache

                                       IV.             

Lè chak jou fo pwomès ap fè gran panpan

Lè map pase 15 jou san kouran

Pandan ke yo te dim map genyen l’ 24/24 depi janvye

Kouman poum pa fache ?

   V.             

Lè konbyen milya dola gagote nan leta

Epi tisentaniz  nan movez eta

Li paka manje ,li paka al’ lekol, lap vale krache

Haaaaay m fout fache !

VI.             

Lè w vle kenbe pouvwa san wpap regle anyen serye

Sa fem fache

Men tou,lè yon pakèt pwofitè ap pare pou vin fè tranzisyon 2 ane

Sa fèm plis fache!

  VII.             

M sezi wè jan nèg isit gen odas

Lè yap pale yo fè konstitisyon an gen 2 fas

Chak nèg ap tradui l’ nan  sans k’ap pèmèt afè yo byen mache

Bagay sa vrèmam fèm  fache!

   VIII.             

Lè map gade sakap pase site solèy,lasalin ,site plis

Pòtay leyogàn,bisantnè,vilaj de dye e plis.

Baz kont baz,katye kont katye

Atò koumanw vle pou m’ pa fache ?

    IX.             

Lè lopital jeneral ap konstui depi 10 zan

Lè doktè ap viktim paske y’ap travay san kach nen ,san gan,…

Epi o final pòt lopital la fèmen pandan ka kowona yo ap ogmante

Bon laaa,mwen plis ke fache!

   X.             

Lè sou mache mondyal la  pri baril petwòl la kase

Epi an Ayiti  pri gaz la rete rèd kou tye makak sale

M’kesyone ,si se sibvansyon an nap ranbouse?

Hummm… ! M’ santi m’ fache !

 

      XI.             

Lè MSPP ap lage chif,san li pagen okenn kontwòl sou evolisyon kowona

Lè moun nan fon kochon,kokchant ,… pa menm okouran de maladi a

Alewè pou yo ta pran prekosyon,pandan ke yo abandone.

Laaa…m di tonèrrrrr !!! Sa vle di ke mwen fache !

    XII.             

M fache pou milyon ki debloke pou kowona,e ki volatilize

M fache pou 3000 goud Moncash la ki rete pandye.

Lè sou kèk sant medikal kap reswa ka kowona yo ,m wè dife tache

Koman w’ta vle pou m’pa fache ?

XIII.             

Lè m’ wè Ayiti pa janm pwofite regle anyen de serye nan akò CARICOM nan

Lè tarif dwanye nou pi ba pase preske tout lòt peyi nan rejyon an

Lè m’ wè konplo nèg isit disparèt pwodiktè lokal ,sou fyèl yo nou mache

M’ mete men tèt, aprè m’ frenk  fache !

  XIV.             

Lè m’ wè nou toujou mare nan pye tab blan meriken

M mande konbyen syèk nou rete anvan pou nou  moun,Ayisyen ?

Kilè nap kite ipokrit,e konprann nou se yon pèp rasis san kache

Hmmm…m’souke tèt mwen,paske m fache !

   XV.             

M fache paske m vle Ayiti soti nan dlo santi ,nan pouriti.

Ki fyète ki gen si listwa kenbe non w kòm lapidatè menm lèw te prezidan yon peyi?

M ta pale plis men… twop pou m’ di, twop pouriti

Antouka yon jou la jou ! Men se lè tout jenès la va fache !

 

 

Écrit par : Micher LAMOUR,Agro-économiste,Webmaster   

 Whatsapp : +509 3366-4213

Email : micherlamour300@gmail.com

 

 

 

 

 

Télécharger
MWEN FACHE
CE TEXTE EST INSPIRE PAR LES SITUATIONS ACTUELLES D’HAÏTI. J'AI ESSAYE D’ÉCRIRE QUELQUES VERS POUR DÉVOILER CEUX QUI ME RONGENT ET QUI RONGENT EGALEMENT LA POPULATION,QUI D'AILLEURS EST ABANDONNÉE !
Mwen fache.pdf
Document Adobe Acrobat 122.5 KB

Écrire commentaire

Commentaires: 1
  • #1

    Franky (dimanche, 07 juin 2020 14:52)

    Bon teks!Bravo!